Mises à jour des statuts de la communauté

Muradieu Joseph
Depi w wè banbou
Ou fou
W anvi soufle
Ou esoufle
Depi w wè banbou
Ou vin kalalou
Tout kò w glise
Nanm ou glase
Depi w wè banbou
Ou tounen foumi fou
Kap chache siwo
Anba wozo
Depi w wè banbou
Ou tounen rapadou
Kay madan siyis
K ap fè alsiyis
Depi w wè banbou
Ou kanpe nan kalfou
Al fè dous pou dous
Nan tèt sous
Ou se madan sara
Nan tout rara
Lèw pa jwenn banbou
Wa pran pye mapou
Banbou pa janm mou
Si se banbou w damou
Banbou gen pou l f...
